top of page

Poukisa esterilize li bon pou bèt
Why it's good to spay/neuter pets--in Haitian-Creole

 

Rezon à esterilize zannimo

1. Le ou esterilize bèt sa a ralanti kwasans popilasyon an.

Li pa fasil pou pwoteje bèt yo de microb ak malady le yo anpil.

2. Le ou esterilize yon chen li pap gen chale pou yon lot.

- Femel chen pa cho anko; sa a elimine atraksyon yo epi mal chen pap apwoche yo.

- Sitou pou chen de gad yo, yo promennen mwens le yo pa gin grin, yo rete plis kay mete yo paske yo pa kapab ale deye femel chen anko, yo pedi tout anvi. Konsa, yo bay pi bon sevis tankou fe sekirite, yo pa pral mare yo, alo yo pap pran maladie ou move kou. Chen esterilize vini yon pi bon ajan poteksyon, sa lap fe se li lap okipe, yo pa pral deye lot e ni yo pa pral nan batay ak lot mal chen.

- Flite pa chen gason se redwi.

- Yo gin yo jan poze, yo pa tro agresif; konsa vinn gin chans pou yo pa mòde moun anko.

3. Le w’ esterilize zannimo, riske pou maladie redwi.

- Gin you kantite kondisyon sante ak maladie atrapan ki potansyel ka develop en bèt yo paske yo pa nan elvaj; pou egzanp, pyometra, TVT, reprodiksyon cancer. Tout danje sa a yo disparet le bèt la esterilize.

- Zannimo ki esterilize nan yon laj boné viv pi lontan e en bon sante, potansyèlman ogmante lavi yo pa yon mwayènn de youn à twa an pou chen epi twa à senk an pou chat.

 

Men kek verite ki souvan gaye mit sous a yo rele castrasyon

Mit: Bèt la kay mwen bezoin fe yon pote pitit, yon sel avan esterilizasyon.

Reyalite: Prev medical indike opoze a. En relaite, prev la montre ke femel ki esterilize anvan premye chale yo pi an sante.

Mit: Li pa naturel pou m’ esterilize chen m’ ou chat m’ paske map boulvèse yo.

Reyalite: Le ou donte bèt yo sa a wete yo nan lod “naturel yo” e mete yo an ba swen avek moun. Pa trete bet la tankou moun paske fok ou esterlize li.

Mit: Mwen vle chen m’ banm pwoteksyon.

Reyalite: Se naturel pou chen gen bon sanse pou pwoteje kay ak fanmi. Tanperaman on chen forme plus pa gentics et anviwònman ki pa sèks on òmòn.

Mit: Mwen pa vle mal chen m’ ou chat m’ santi li pi ba ke on male.

Reyalite: Bèt pa gen konsèp seksyèl ou mwen. Le ou esterilize bèt la, sa a pa pral chanje tanperaman. Bèt la pa pral soufri nenpòt kalite reyaksyon emosyonèl ou kriz idantite lè l’ esterilize.

Mit: Bèt mwen ap gra epi li pral parese.

Reyalite: Anpil bèt vinn gra paske mete yo ba yo trop manje e li pa fè yo fè ase egzèsis.

Mit: Men chen m’ (ou chat) telman espesyal mwen vle yon tic hen (ou ti chat) tankou l’.

Reyalite: Pitit chen w’ ou pitit chat w’ gen on chance enprobab pou you sanble anpil ak bèt ou. Menm eleveur pwofesyonèl pa kapab fè garanti sa.

 

Plis enfòmasyon

Chen yo kenz fwa e chats yo karant senk fwa proliks menm ak moun.

Chens ak chats jwi anpil konpòtman ak benefis sante chirijikal esterilizasyon.

bottom of page